DEELWAY ACADEMY

Fòmasyon Biznis

Yon sèl paj klè pou aprann fondasyon biznis, kòmanse sèvis lokal, òganize dokiman, epi prepare kredi biznis ou Ozetazini.

Chemen biznis

Kat fòmasyon prensipal pou konstwi yon biznis ki pi solid.

Sèvi ak paj sa a tankou yon dashboard: li rezime chak sijè, montre etap prensipal yo, epi voye ou nan resous oswa konsiltasyon lè ou bezwen plis sipò.

LLC

LLC & EIN

Kreye estrikti legal, jwenn EIN, louvri kont bank, epi kenbe dokiman yo òganize.

Gade Seksyon
CL

Cleaning Business

Bati sèvis cleaning ak pricing, kontra, operasyon, reviews, ak sistèm kliyan.

Gade Seksyon
DT

Mobile Detailing

Prepare ekipman, pakè sèvis, booking, foto before/after, ak maketing lokal.

Gade Seksyon
CR

Business Credit

Mete fondasyon kredi biznis, vendor accounts, bank, ak funding preparation.

Gade Seksyon

Fondasyon legal

LLC & EIN

LLC ak EIN se baz anpil ti biznis bezwen pou parèt pwofesyonèl, separe finans pèsonèl ak finans biznis, epi prepare pou bank, kontra, lisans, insurance, ak kredi biznis. Nan Deelway Academy, nou anseye ou kijan pou reflechi avan ou ranpli fòm yo: non biznis la, eta kote ou opere, registered agent, adrès, kalite sèvis ou bay, ak dokiman ou dwe kenbe apre filing lan.

Ou itilize seksyon sa a lè ou pare pou òganize biznis ou sou papye. Pa kouri kreye LLC sèlman paske yon moun sou entènèt di ou sa. Premye etap la se konnen ki sèvis ou pral vann, kiyès kliyan ou ye, ki eta ou ap sèvi, epi ki responsabilite ou genyen pou taxes ak compliance. Lè fondasyon an klè, aplikasyon LLC ak EIN lan vin pi fasil.

Etap prensipal yo

  1. Chwazi non biznis la epi verifye si li disponib.
  2. Idantifye sit ofisyèl eta a pou filing.
  3. Prepare registered agent, adrès, owner information, ak objektif biznis la.
  4. Soumèt LLC a, sove confirmation, epi telechaje dokiman eta yo.
  5. Aplike pou EIN sou sit IRS la epi sove confirmation letter la.
  6. Kreye folder dijital pou articles, EIN letter, operating agreement, receipts, ak annual report reminders.

Erè pou evite

Pa itilize sit ki sanble ofisyèl san ou pa verifye. Pa mete non LLC a diferan sou EIN ak filing eta a. Pa pèdi dokiman IRS la. Pa melanje depans pèsonèl ak depans biznis apre ou fin louvri kont bank. Pa bliye annual report oswa règleman lokal nan vil ou.

Egzanp: Si ou ap lanse yon cleaning business nan Florida, LLC a ede ou parèt pi serye devan kliyan komèsyal yo. Apre EIN, ou ka prepare kont bank biznis, kontra, estimate form, ak resi pou depans ekipman yo.

Mande Aksè Pou Fòmasyon Sa a

Sèvis lokal

Cleaning Business

Cleaning Business se youn nan biznis sèvis ki pi aksesib pou antreprenè Ayisyen Ozetazini paske li pa toujou mande gwo kapital pou kòmanse, men li mande disiplin, kalite travay, kominikasyon, pricing, ak sistèm. Ou bezwen konnen ki kalite cleaning ou ap ofri: residential, move-in/move-out, Airbnb turnover, office cleaning, post-construction, oswa deep cleaning. Chak kategori gen materyèl, tan, risk, ak pri diferan.

Ou itilize fòmasyon sa a lè ou vle transfòme cleaning soti nan ti travay okazyonèl pou vin yon biznis ki ka jwenn kliyan regilye. Sa mande yon non biznis, sèvis klè, lis pri, kontra oswa service agreement, estimate form, checklist travay, foto, reviews, ak yon plan follow-up. Premium pa vle di chè sèlman; li vle di kliyan an santi ou òganize depi premye mesaj la.

Etap prensipal yo

  1. Chwazi niche cleaning ou vle kòmanse avèk li.
  2. Prepare equipment list, supply list, ak checklist pou chak sèvis.
  3. Kreye pricing sheet ki baze sou gwosè kay, kondisyon espas la, ak kalite sèvis la.
  4. Prepare estimate form, client intake form, ak cleaning agreement.
  5. Kreye Google Business Profile, mande reviews, epi poste foto travay ou.
  6. Mete sistèm booking ak reminder pou diminye no-show ak konfizyon.

Erè pou evite

Pa bay pri san ou pa konnen detay travay la. Pa fè tout kalite cleaning menm jou ou kòmanse. Pa travay san règleman sou cancellation, payment, ak extra services. Pa bliye pran foto before/after lè kliyan an dakò. Pa kite reviews yo pou chans; mande yo avèk pwofesyonalis.

Egzanp: Yon elèv ka kòmanse ak move-out cleaning, fè twa pakè pri, itilize checklist pou chak kay, epi voye estimate PDF avan kliyan an konfime. Sa fè biznis la parèt pi serye menm si li nouvo.

Mande Aksè Pou Fòmasyon Sa a

Biznis mobil

Mobile Detailing

Mobile Detailing se yon biznis kote ou pote sèvis netwayaj machin, polishing debaz, interior cleaning, wash, wax, ak protection kote kliyan an ye. Li bon pou antreprenè ki renmen travay vizib, before/after, ak sèvis lokal ki ka grandi ak repeat customers. Men li mande bon ekipman, bon pakè, bon foto, ak bon kominikasyon pou kliyan konprann diferans ant basic wash ak detailing reyèl.

Ou itilize seksyon sa a lè ou vle kòmanse yon sèvis mobil ki ka vann pa pakè. Ou bezwen prepare ki sèvis ou ofri, ki sèvis ou pa ofri ankò, konbyen tan chak sèvis pran, ki pwodwi ou itilize, ki zòn ou kouvri, ak ki kondisyon meteyo oswa espas ki ka afekte appointment la. Sa ede ou evite pwomèt plis pase ou ka delivre.

Etap prensipal yo

  1. Chwazi twa pakè: basic, standard, premium.
  2. Prepare equipment list: vacuum, towels, brushes, chemicals, water access plan, extension cords, ak storage.
  3. Kreye service agreement ak kondisyon pou appointment, rescheduling, ak extra charges.
  4. Pran foto before/after pou chak travay, ak pèmisyon kliyan an.
  5. Kreye Google Business Profile ak paj sosyal pou montre rezilta yo.
  6. Sèvi ak Meta Ads oswa Google Ads pou local leads lè ou gen foto ak reviews.

Erè pou evite

Pa underprice paske ou pè mande bon pri. Pa achte twòp ekipman avan ou teste mache a. Pa poste foto ki pa montre diferans travay la. Pa inyore sekirite pwodwi chimik yo. Pa kite kliyan an panse tout tach oswa domaj ka disparèt si sa pa reyalis.

Egzanp: Yon detailer nan New Jersey ka ofri “Interior Reset,” “Full Detail,” ak “Family Car Deep Clean,” epi itilize foto minivan anvan/apre pou jwenn plis kliyan lokal sou Facebook.

Mande Aksè Pou Fòmasyon Sa a

Kwasans finansye

Business Credit

Business Credit se kapasite biznis ou pou bati pwòp istwa kredi li, separe ak kredi pèsonèl ou. Sa pa fèt nan yon jou. Ou bezwen yon fondasyon ki pwòp: LLC, EIN, adrès biznis ki konsistan, nimewo telefòn, email pwofesyonèl, kont bank biznis, website oswa online presence, epi enfòmasyon ki matche sou tout aplikasyon yo. Lè detay yo pa matche, bank oswa vendor ka refize aplikasyon an.

Ou itilize fòmasyon sa a apre ou fin òganize biznis ou epi ou vle prepare pou vendor accounts, net terms, business cards, oswa funding. Objektif la se pa pran dèt san plan; objektif la se bati kredibilite pou biznis la ka jwenn zouti finansye lè li bezwen grandi.

Etap prensipal yo

  1. Verifye tout enfòmasyon legal biznis la matche.
  2. Louvri kont bank biznis epi itilize li regilyèman.
  3. Kreye prezans online ki serye: website, Google profile, email domain, ak lis sèvis.
  4. Kòmanse ak vendor accounts ki rapòte lè sa aplikab.
  5. Peye alè epi swiv dat due yo.
  6. Prepare dokiman pou funding: statements, revenue proof, taxes, ak plan itilizasyon lajan an.

Erè pou evite

Pa aplike pou funding avan biznis la pare. Pa itilize adrès, telefòn, oswa non biznis diferan sou chak aplikasyon. Pa panse EIN otomatikman bay kredi. Pa ouvri kont ou pap itilize. Pa pran kredi pou depans ki pa pote revni oswa estrikti.

Egzanp: Yon cleaning business ki gen kont bank, invoices, reviews, website, ak vendor accounts ki peye alè parèt pi serye pase yon biznis ki gen LLC sèlman men pa gen okenn aktivite òganize.

Mande Aksè Pou Fòmasyon Sa a
WhatsApp